ҹȤ´«Ã½

Ou bezwen yon lòt bagay?

New York fyè pou li se youn nan vil ki gen plis divèsite nan mond lan.

Nan ҹȤ´«Ã½, nou ap travay pou nou founi sèvis nan pi plis lang posib, ak Kreyòl Ayisyen ladan.

ҹȤ´«Ã½ founi aksè rapid ak fasil bay sèvis ak enfòmasyon Nou kapab ede ou nan yon pakèt sèvis epi ede ou rezoud plizyè pwoblèm, tankou ranmase pil fatra, kontravansyon paske ou mal pake, ak pil bri.

Kontakte nou pou konnen plis sou sèvis vil la oswa pou ou ranpli papye pou mande sèvis. Ou kapab konekte avèk ҹȤ´«Ã½ 24 sou 24, 7 jou sou 7, epi 365 jou ane a.

ҹȤ´«Ã½ se pou sèvis vil la ki pa ijan. Rele 911 pou ijans yo, tankou yon moun yo ap touye oswa sitiyasyon ki kapab danjere, ki nesesite entèvansyon Lapolis, Depatman Ponpye, oswa Sèvis Medikal an Ijans (Emergency Medical Services, EMS).

ҹȤ´«Ã½ ak 911, toulède kapab founi sèvis an Kreyol Ayisyen avèk èd entèprèt yo. 

Sant Apèl ҹȤ´«Ã½ a ofri sèvis nan plis pase 175 lang, gen ladan Kreyòl Ayisyen. Nou itilize yon sèvis entèpretasyon pou ede nou pale ak moun ki ap rele yo nan lòt lang ki pa Anglè.

Pou jwenn èd ҹȤ´«Ã½ an Kreyòl Ayisyen:

  • Si ou andedan vil New York: Konpoze 311 
  • Si ou deyò Vil New York, tankou entènasyonal: Konpoze +1-212-639-9675

Lè ou rele ҹȤ´«Ã½, yon sistèm otomatik ap reponn apèl ou a an Anglè. Pandan yon 10 segond aprè anrejistreman kòmanse, ou ap tande yon lis opsyon lang diferan. Pou Kreyòl Ayisyen, peze 8 pou pale ak yon reprezantan.

Reprezantan ap mete yon entèprèt ki pale Kreyòl Ayisyen sou liy lan. Entèprèt la ap ede ou menm ak reprezantan pale youn ak lòt.

ҹȤ´«Ã½ Online ofri sèvis tradiksyon atravè Google Translate. Zouti sa a kapab tradui sitwèb nou an nan plis pase 100 lang, tankou kreyòl ayisyen. Tanpri sonje Google Translate pa kapab tradui tout kalite dokiman. ҹȤ´«Ã½ pa garanti tradiksyon zouti sa a bay ap sanpousan. Nou rekòmande pou w rele 311 pou verifye nenpòt enfòmasyon enpòtan.

Pou itilize zouti a, chèche senbòl tradiksyon an nan kwen anlè sou bò dwat chak paj:

ҹȤ´«Ã½ website banner with translate icon.

Klike sou senbòl la, epi seleksyone “Haitian Creole” nan lis la.

Pou yon lis sèvis konplè anliy, vizite paj ҹȤ´«Ã½ la.

 Was this information helpful?   Yes    No